
Dapre Florida Department of Highway Safety and Motor Vehicles (FLHSMV) — sa vle di Depatman Sekirite Wout ak Machin nan Florid, se ajans ki jere lisans chofè, anrejistreman machin, epi asire sekirite wout pou tout moun kap kondwi nan eta a — nouvo mezi sa a vize redui aksidan grav ak lanmò sou wout yo.
Si w se yon chofè kap viv oswa ap kondwi nan eta Florid, Etazini, ou dwe redouble vijilans sou vitès ou itilize sou wout yo. Yon nouvo lwa sou sikilasyon antre an vigè madi 1e jiyè 2025, epi li mete restriksyon strik sou chofè ki depase limit vitès yo.
Ki sa lwa a di?Dapre lwa a, nenpòt chofè ke polis arete:
Ap kondwi a plis pase 50 mil alè sou limit vitès ki fikse sou wout la, oswa Ap kouri a 100 kilomèt alè (62 mil alè) oswa plis, ap riske minimòm 30 jou prizon epi obligatwa peye yon penalite minimòm $500.
Depasman sa yo konsidere kòm “vitès ekstrèm”, epi yo pa trete tankou senp tikè trafik, men kòm zak kriminèl.
Poukisa lwa sa a? Otorite yo mete lwa sa a an aplikasyon apre estatistik yo montre yon ogmantasyon nan kantite aksidan fatal sou wout yo. FLHSMV rapòte ke vitès twòp se youn nan pi gwo koz lanmò sou wout nan Florid.
Si w pa respekte lwa sa a, men sa ki ka rive w: Pèdi lisans ou Rete nan prizon pandan omwen yon mwa Peye gwo amann, san konte frè tribinal Ogmantasyon sou prim asirans ou Dosye kriminèl ki ka afekte w sou plan travay oswa imigrasyon
Otorité yo lanse apèl bay tout chofè pou yo mete sekirite an premye. “Respekte vitès, pa mete lavi w ak lavi lòt moun an danje.”