
Reynald Biamby 44 lane touye mennaj li Rose Lacroix 36 lane madi 1er Jiyè a. Biamby fè la police konnen li te nan yon diskisyon avek Rose epi bagay la vin dejenere, epi di ke Rose ta rale yon kouto, li di yo 2 a tonbe goumen pou pran kontwòl koute a jis li arive pran kontwòl kouto a epi ponyade Rose bò kou li jis li arive tiye li.
La police te jwenn Biamby blese tou lè yo te rive sou lye a yo te transpòte li lopital. Aprè li relache lopital la police arete li epi chaje li pou lanmò Rose. Malgre Biamby avwe ke li te pran kontwòl kouto a misye pat jis soti kite kay la men li pito ponyade Rose. Biamby deja plede devan lajistis pou di li pa koupab.
Pou kounya li nan prizon san kosyon. Li gen pou parèt devan tribinal 5 Dawou kap vin la.