
Yon arete Jackson Jean Pierre nan Jakmèl, jodilendi 14 jiyè 2025, paske li tap eseye fè tèt li pase pou yon lòt elèv nan egzamen ofisyèl bakaloreya a.
Dapre sa Wilfride Lauture, Direktè Depatmantal Sidès la konfime, arestasyon an fèt aprè otorite edikatif nan rejyon an te depoze plent. Fo kandida a admèt li te resevwa 15 000 goud pou li te pase egzamen an nan plas Nesly Antoine, ki se kandida ofisyèl la.
Evènman sa a rive nan moman otorite yo ap redouble efò pou asire entegrite egzamen ofisyèl yo atravè tout peyi a. Yon ankèt deja louvri pou fè limyè sou sa k pase a epi pou idantifye tout lòt moun ki ta ka enplike nan zak fwod sa a.