
Florid – Lapolis nan Florid arete epi remèt bay sèvis imigrasyon ameriken (ICE) Tiktokez ayisyèn Gaëlle Juste, plis konnen sou non “Tòg”. Daprè enfòmasyon ki disponib, yo ta reproche l’ vòl yon asyèt nan yon magazen, ki koute 11,99 dola ameriken.
Apre arestasyon an, otorite yo transfere Gaëlle nan yon sant detansyon imigrasyon kote li ap tann pwosesis depòtasyon li.