
Nan dat 4 jiyè 2025, ansyen prezidan ameriken Donald Trump siyen yon nouvo lwa ki rele One Big Beautiful Bill Act. Lwa sa a antre ofisyèlman an aplikasyon epi li ogmante anpil frè pou aplikasyon imigrasyon yo. Pifò nan frè sa yo obligatwa, menm si ou pa gen mwayen pou peye yo.
Otorite ameriken yo di objektif lwa a se pou ranmase plis pase 64 milya dola pa ane pou soutni sistèm imigrasyon an.
Men kèk nan nouvo frè ki pi enpòtan yo:
Demann azil: 1,000 dola Pèmi travay pou moun ki fè demann azil: 550 dola TPS (fòm I-821): 500 dola Pawòl Imenitè (Humanitarian Parole): 1,000 dola Ajisteman estati pou Green Card: jiska 1,500 dola Apèl oswa demann reouvè dosye: apati 900 dola Sponsorize yon timoun san fanmi: 3,500 dola Si timoun nan pa parèt nan tribinal: plis pase 5,000 dola Fòm I-94 (dosye vwayaj): 30 dola Frè chak ane pandan ka azil la ap trete: 100 dola
Gen kèk frè ou pap kapab evite peye menm si ou pa gen lajan. Sa ka mete anpil moun ki deja an difikilte nan plis pwoblèm toujou.
Si ou deja kalifye pou yon estati legal tankou azil, TPS oswa Green Card, men ou poko soumèt aplikasyon ou, nou konseye w fè sa pi vit posib anvan nouvo frè sa yo mete nèt an aplikasyon pa USCIS.