
Prezidan ameriken an pran yon gwo desizyon nan yon pwoklamasyon li siyen vandredi 19 septanm 2025 sou kesyon viza H-1B.
Viza H-1B a se yon tip otorizasyon travay konpayi ameriken, sitou nan domèn teknoloji, konn itilize pou anplwaye pwofesyonèl ki soti lòt peyi, espesyalman nan sektè syans, teknoloji, enjenieri ak matematik (STEM).
Nan deklarasyon ofisyèl la, responsab Depatman Komès la, Howard Lutnick, di konsa :
« Si n ap fòme yon teknisyen, n ap fòme youn ki soti nan pi gwo inivèsite nou yo nan peyi a. Fòme Ameriken ! Sispann kite moun ki soti lòt kote pran djòb nou yo. »
Yon kou difisil pou sektè teknoloji ameriken. Daprè medya ameriken yo (@CBSNews, @CNN), desizyon sa a konsidere kòm yon gwo chòk pou endistri teknoloji Etazini, ki depann anpil de travayè etranje kalifye, espesyalman ki soti nan peyi tankou Lend ak Lachin.
Chif yo montre ke kantite travayè etranje nan sektè STEM nan Ozetazini plis pase double ant lane 2000 ak 2019, pou rive prèske 2,5 milyon moun.
Nou raple tou, avan Prezidan Donald Trump te ogmante frè aplikasyon viza H-1B a a 100,000 dola ameriken, li te konn varye ant 1,700 ak 4,500 dola.Sa a make yon nouvo etap nan politik imigrasyon ameriken an, ki ka gen gwo konsekans sou ekonomi dijital mondyal la.