
Malgre lapè gwoup kriminèl Viv Ansanm te anonse, zak vyolans yo pa sispann. Nan nwit 11 pou rive 12 septanm 2025, kèk manm gwoup sa a touye 4 moun nan menm fanmi nan lokalite Labodri, nan komin kabarè, daprè Casec lokal la, Baptiste Joseph Louis.
Victim yo se: Wesler, madanm li, pitit yo ki gen 4 an, manman Tipiti ak papa li. Plis pase karant moun ta mouri pandan masak sa a.
Casec la fè konnen kò moun yo se chen kap manje yo e li lanse yon apèl pou entèvansyon lapolis, pou yo kapab pran kò yo epi fè yo antere moun yo san pèdi tan.
Sitiyasyon an toujou grav e li mande aksyon an ijans nan men otorite yo pou yo sispann san sa kap plede koule nan zòn nan akoz neg a zam yo