
Depatman Jistis Etazini, nan yon nòt yo pibliye 15 septanm 2025, fè konnen gen 12 moun yo akize kòm patisipan nan yon gwo magouy ki t ap pèmèt etidyan jwenn lisans enfimyè ilegalman pou yo travay nan domèn swen sante a.
Moun sa yo akize dèske yo t ap vann fo diplòm ak fo relve nòt nan swen enfimyè. Dapre dokiman jidisyè yo, yo t ap fabrike fo diplòm RN (Registered Nurse) ak LPN/VN (Licensed Practical Nurse/Vocational Nurse). Moun ki achte fo diplòm sa yo te konn sèvi avè l pou pase egzamen NCLEX, jwenn lisans nan men Leta, epi travay ilegalman toupatou nan Etazini.
Nan lis moun yap pouswiv pou fwod elektwonik, gen plizyè pwopriyetè ak anplwaye lekòl enfimyè nan diferan zòn nan Florid. Dapre Depatman Jistis, gen anviwon 7,300 fo diplòm ki te fèt nan kad magouy sa yo.
Nan 12 moun ki enplike yo, genyen omwen 6 Ayisyen 🇭🇹. Pa egzanp : Herline Lochard, 46 lane, pwopriyetè yon lekòl nan North Miami. Li te plede koupab, kondane a 13 mwa prizon ak 3 lane libète siveye. José Napoléon, 40 lane, direktè admisyon nan Azure College ki nan Fort Lauderdale. Gilbert Hyppolite, 73 lane, pwopriyetè yon lekòl teknik nan Boca Raton. Lemuel Pierre, 56 lane, pwopriyetè plizyè lekòl nan divès zòn nan Florid.
Depatman Jistis presize, moun ki akize nan konplo pou fè fwod elektwonik yo kapab riske rive jiska 20 lane prizon.