
Depatman Sekirite Enteryè Etazini (DHS) fè konnen li pral rekòmanse aplike yon règ ki egziste depi 1996 pou mete presyon sou migran ki pa legal yo, sitou moun ki resevwa yon òd depòtasyon men ki pa kite peyi a. Règ sa a pral mete gwo amand sou do moun ki pa respekte lwa imigrasyon ameriken yo.
DHS anonse regilasyon sa a ofisyèlman, epi li pral antre menm kote a an aplikasyon. Sa vle di li gentan kòmanse mache.
Kilès règ sa a vize? Moun ki rentre Etazini ilegalman, san yo pa enspekte yo nan yon pò antre. Moun ki resevwa yon òd depòtasyon, men ki pa kite peyi a apre sa. Moun ki gen yon dosye depòtasyon k’ap trete, swa yo poko pase devan jij, swa yo poko gen desizyon final.
Si DHS jwenn non ou nan baz done li, yo ka voye ba ou yon Notice of Intent to Fine (NIF), sa vle di: yo gen entansyon mete sou ou yon gwo amand. Men kijan amand yo pral fonksyone:
Kategori amand yo: Moun ki pa respekte yon “Voluntary Departure Order” Lè jij la ba ou chans pou ou kite peyi a volontèman epi ou pa fè sa, ou kapab peye ant $1,992 ak $9,970 kòm amand. (Pri sa yo monte ak enflasyon) Moun ki refize kite apre yo resevwa yon òd depòtasyon final Amand la kapab monte jiska $998 pa jou, sòti depi nan dat ou resevwa lòd la. Moun yo bare k’ap eseye rantre Etazini de fason ilegal Chak fwa yo kenbe ou, yo ka mete ou yon amand ant $100 ak $500, epi li ka double si ou repete ofans lan.
E si yo voye ba ou avi sa? Ou gen 15 jou ouvrab pou reponn oswa fè apèl. Se konsilte avoka w menmsuit, paske amand sa yo ka lakoz plis difikilte pou ou nan dosye imigrasyon w lan.