
Tiktoker e bizniswoman ayisyèn Wanderline Louidor, plis moun konnen sou non Bianca Beauty sou rezo TikTok, mete tèt li nan gwo pwoblèm ak lajistis Ozetazini.
Dapre otorite yo, yo te arete Louidor 7 septanm 2025 nan Orlando apre li tap bag papa pitit li, David Hyppolite. Envestigasyon yo fè konnen li te mete yon aparèy GPS tracker sou machin Hyppolite, sa ki pèmèt li dekouvri misye nan yon otèl ansanm ak yon lòt fanm. Fache, Louidor ta agrese li fizikman sou plas.
Apre arestasyon an, lapolis te verifye dosye imigrasyon li e yo jwenn papye li pa t anfòm. Se konsa yo remèt li bay Immigration and Customs Enforcement (ICE).
Pou kounya, Wanderline Louidor nan detansyon imigrasyon nan Baker County, kote li ap tann pwosedi legal yo ki kapab mennen nan depòtasyon li.