
Depatman Transpò Etazini (DOT) anonse, nan yon nòt pibliye sou sit ofisyèl li 26 septanm ki sot pase a, yon seri mezi ijan apre yon odit nasyonal sou fason chofè kamyon ap sikile sou wout yo. Dapre Sekretè Depatman an, odit la montre pifò gwo aksidan ki lakoz lanmò enplike chofè etranje.
Sean P. Duffy fè konnen ankèt la revele gen kèk Eta k ap delivre lisans pou chofè etranje ki ilegal Ozetazini. Selon DOT, sitiyasyon sa a reprezante yon gwo menas sou sekirite wout yo.
Pou kounye a, Depatman Transpò mete restriksyon sou moun ki pa gen rezidans oswa sitwayènte ameriken: yo dwe prezante yon viza travay epi sibi yon verifikasyon obligatwa sou estati imigrasyon yo atravè sistèm federal SAVE.
DOT site plizyè Eta, tankou Kalifòni, ki poko konfòme yo ak règ federal konsènan delivrans lisans CDL pou etranje, epi li bay yo 30 jou pou mete bagay yo an lòd. Yon anplwaye DMV nan Florid konfime tou ke yo resevwa lòd pou sispann delivre lisans CDL ak CLP pou moun ki pa rezidan oswa sitwayen ameriken.