
Depi prèske 2 semèn, zòn metwopolitèn Pòtoprens lan ap viv san kouran. Sitiyasyon sa a se konsekans yon desizyon moun Mibalè yo te pran pou fòse Leta reponn fas ak ensekirite k ap ogmante nan zòn yo. Yo te bloke sant idwoelektrik Pélig, koupe poto pilòn yo,sa ki te lakòz tout sistèm nan kanpe.
Men be a, gen yon solisyon ki sou pye pou relanse rezo elektrisite a. Se pa Pélig k ap pèmèt kouran an retounen, men pito sant Kafou ke prezidan Jovenel te komanse mete sou pye an, epi kap jwenn ranfò 25 megawatt k ap sòti nan sant prive E-Power.
Ak plan sa a, otorite yo espere kouran an ap tounen ti pa ti pa nan kapital la ak nan kèk lòt komin toupre yo. Men solisyon an poko asé, paske Pelig toujou kanpe. Rès la depan de kijan sitiyasyon an ap evolye nan sant peyi a.