
Daprè enfòmasyon ki rive jwenn nou, pwofesè a te nan yon bis lè manm gwoup gang « Viv Ansanm » te sispann bis la nan Ri Nicolas. Lè yo te kòmanse ransone moun yo, pwofesè a te di: « Yon jou sa gen pou l fini. » Se lè sa de nan gang yo ta fè li desann bis la, daprè temwayaj lòt pasaje yo.
Fanmi l, ki pa t gen nouvèl de li pandan de jou, te aprann samdi 11 oktòb ke yo te asasinen li.
Papa twa pitit, Maurice Dupuy te sèl moun ki t ap okipe fanmi li. Madanm li ak pitit li yo anba gwo lapenn jodi a.
Asasinay pwofesè sa a vin ogmante kantite viktim ensikirite k ap ravage peyi a chak jou.




