
Map kòmanse pa di yap pale sèlman ak moun ki gen rezidans epi moun ki te aplike pou rezidans pou moun sa. Yo pap pale ak moun viza travay, moun ki te gen parole ( te vin nan pwogram Biden) etc… se sèlman moun ki te ranpli epi siyen fòmilè Affidavit of Support (Fòm I-864/I-864EZ) lè yo tap aplike pou rezidans.
Fòm I-864A /I-864EZ, se yon kontra legal ou siyen ak gouvènman ameriken an pou sipòte finansyèman nenpòt moun ke ou aplike pou rezidans pou li. Ou di leta nan fòmilè sa, moun wap sponsorizè a pap tounen yon chay finansye pou gouvènman an lèl deside rete nan peyi a de fason pèmanan eke wap sipòte moun nan finansyèman. Se yon fason pou yo asire yo ke moun sa yo pap mande leta èd finansye apre yo chanje status epi vin rezidan.
Kisa desizyon an di egzkteman?
Leta pral gade pou li wè kiyès ki te resevwa èd finansye nan men leta oubyen ap resevwa èd finansye toujou. Leta prevwa penalize moun ki te sponsorize aplikasyon rezidans lan epi fè yo remèt lajan sa yo. Si moun nan resevwa nenpòt benefis piblik (tankou food stamps, Medicaid, elatriye), ou ka oblije ranbouse gouvènman an.
Kilè angajman ak legalite kontra sa ap kanpe?
•Lè moun ki gen rezidans lan vin sitwayen ameriken, sa vle di natiralize.
•Yo kapab konfime moun sa travay pou pi piti 10 lane apre li resevwa rezidans lan ( 40 quaters) ,
•Moun nan pèdi rezidans lan oswa abandone rezidans la,
•Oswa sponsor la mouri. Kontra a pa kanpe paske ou divòse ak moun nan oubyen nou kite. Kontra a pa aplikab tou paske timoun nan se lèl te piti ou te aplike pou li epi li vin gen 21 lane.
Yo prevwa penalize tout sponsò tou ki pa fè yo konnen nan lespas 30 jou si yo chanje adrès. Ou sipòze ranpli fòmilè I-865 pou fè sa. Yo pral verifye fòmilè affidavits yo tou pou gade si ou te bay manti ladan yo. Yo di yo kapab chaje ou kriminèlman oubyen/ansanm ak fè ou peye amand pou krim federal la. Mwen pap ka mete tout detay kominike a pou nou nan pòs la. Map fè yon space pou pale sou sa byento. Men map kite lyen an pou nou li memo a.
Source: IamLaurie (X/Twitter)