
Florida, lapolis arete yon asistan swen sante adomisil aprè yo te akize l de plizyè krim, pami yo vòlè yon koleksyon pyès monnen ra ak lòt bagay ki gen valè ki vo plizyè dizèn milye dola yon sitwasyen 65 lane yo te anplwaye l pou l pran swen.
Daprè yon afidavit kòz pwobab ki soti nan Biwo Sherif Konte Palm Beach la, yo te anplwaye Alden Jerome Johnson, 34 lane, an mas 2025 pou ede yon pasyan nan rezidans li sou Great Falls Circle. Johnson te travay pandan semèn pou pran swen viktim nan. Sepandan, depi lè jèn gason sa kòmanse travay la, madanm viktim rapòte yo te kòmanse remake bagay ki gen valè ki t ap disparèt kèk mwa.
Pami bagay yo : yon koleksyon pyès monnen istorik ki vo $30,000, ki gen ladan pyès monnen ann ajan ki soti nan ane 1800 yo ak kòmansman ane 1900 yo, ki te estoke nan liv koleksyonè ble espesyalize andedan yon kabinèt chanm fèmen. Men avan, yo te rapòte yon kle apa kite anlè yon komòd te disparèt. Madanm viktim nan te rapòte tou bijou an lò ak yon sak Louis Vuitton ki te disparèt