
Lapolis nan Eta Florid te mete anba kòd Rosemène Deligance, yon sitwayèn ayisyèn 29 lane, apre plizyè mwa ankèt sou plizyè plent viktim. Dapre enfòmasyon otorite yo bay, dam nan te antre ilegalman nan plizyè bwat imèl prive pou rale enfòmasyon pèsonèl ak dokiman konfidansyèl, yon pratik ki konsidere kòm yon krim elektwonik ozetazini.
Plizyè moun ki te sibi aksyon sa yo te pran inisyativ depoze plent epi remèt prèv bay lapolis. Sa te pèmèt envestigatè yo idantifye Rosemène Deligance kòm sispèk prensipal la epi lanse operasyon arestasyon an.
Otorite yo fè konnen li ap fè fas ak plizyè chèf dakizasyon ki gen rapò ak vòl idantite, aksè ilegal nan sistèm enfòmatik ak itilizasyon enfòmasyon pèsonèl san otorizasyon. Pou kounye a, li toujou anba kontwòl lapolis pandan yo ap kontinye ranmase plis prèv ak tande lòt viktim posib.
Lapolis mande nenpòt lòt moun ki santi yo viktim nan menm fason an pou yo kontakte yo pou ede avanse ankèt la.