
Plentif yo apre ke DHS te deside non sèlman retire 6 mwa nan TPS Haiti epi kanpel nèl, yo ye voye yon lèt bay jij lan kote yo te Konteste:
•Otorite DHS pou revoke yon pati nan TPS la epi retire 6 mwa ladanl
•Bay tout moun yo sèlman 60 jou pou yo retounen nan peyi yo pandan yo tap viv Etazini depi p’izyè lane. Yo di li pa rezonab e li pa posib nivo lojistik. Paske fòk yo ta ni aranje depart yo Etazini men aranje tounen lakay yo tou.
Apre jij lan resevwa lèt lan, Jij la deside ke retire 6 mwa nan TPS la ilegal. Jij lan di pa gen okenn kote ki eksplike kòman sekretè a gen otorite pou fè sa ak kijan. Okenn regleman ki sipòte pratik konsa eke sa depase otorite sekretè a. Kidonk akoz sa, yo deside akòde plentif yo yon enjonksyon tanporè pandan dosye a ap trete toujou nan tribinal. Enjonksyon sa vin lakoz dat ekspirasyon TPS lan dwe tounen 3 fevriye 2026. Kidonk, si enjonksyon sa rete en plas, lap tou anile nòt ki te mete fen a TPS Haiti a.
Kèk lòt eleman kle li enpòtan pou nou konprann epi raple nou ak desizyon sa:
•Jij la rekonèt ke DHS toujou gen otorite pou revize epi deside si y ap kanpe TPS la. Jij lan di DHS ka deside anonse desizyon sa 60 jou avan Fevriye 2026 epi li mande yo swiv pwosedi ki kòrèk.
•Tribinal la poko deside si desizyon DHS la te abitrè, kaprisye, oswa gen baz rasyal. Plentif yo gen yon 14 jou pou yo bay plis prèv sou reklamasyon sa yo nan dosye a. Kidonk se pa yon dosye ki klase.
•Nou poko konnen si DHS pral fè apèl kont desizyon an oswa kilè y ap mete ajou politik ofisyèl yo ak sit entènèt yo pou reflete desizyon sa a. Toutotan yo pako fèl, dat lan rete 2 Septanm 2025.
•Si DHS fè apèl epi genyen ( ke se swa nan kou dapèl oubyen Kou Siprèm ) epi yo deside DHS te nan otorite li pou retire 6 mwa nan TPS lan, enjonksyon jij lan ap tou anile epi dat fen TPS lan ap tounen efektif 2 Septanm 2025. Paske sonje se desizyon retire 6 mwa nan TPS yo konteste. Yo pa konteste desizyon mete fen a TPS lan en gwo. Donk si DHS genyen nan apèl, desizyon kanpe TPS lan ap tounen pran efè.
Source : IamLaurie (X-Twitter)