
Otorite imigrasyon ameriken yo, atravè sèvis Ladwann ak Pwoteksyon Fwontyè yo (CBP), pibliye yon mesaj ofisyèl sou kont X (ansyen Twitter) yo, mèkredi 23 jiyè 2025 lan. Avètisman sa a vini nan yon kontèks kote otorite yo ap ogmante siveyans sou zafè imigrasyon.
Yo fè konnen tout moun etranje ki gen 18 lané oswa plis ki ap viv Ozetazini, dwe toujou pote sou yo kat rezidans yo (Green Card) si yo genyen l, oswa resi aplikasyon yo si y ap tann kat la toujou. CBP fè konnen sa se yon obligasyon legal, daprè atik 1304(e), tit 8 nan Kòd Etazini an. Moun ki pa respekte règ sa a kapab sibi sanksyon, tankou yon amann ki ka rive jiska 100 dola, yon santans prizon ki ka monte jiska 30 jou, oswa tou le de.
Se poutèt sa, tout imigran ki konsène dwe asire yo toujou gen dokiman yo sou yo, pou evite tout malentandi oswa konsekans legal pandan yon kontwòl pa ajan federal.